Kilès moun nou Bay Sèvis
Sant pou Dwa Moun ki Andikape yo nan Il Vyèj Etazini (DRCVI) founi asistans pou moun ki gen yon enfimite k ap viv nan Il Vyèj Etazini.
Ou k ab elijib pou asistans si:
- Ou gen yon enfimite nan koze devlopman
- Ou gen yon enfimite mantal oswa emosyonèl
- Ou se yon pasyan nan yon klinik sikyat
- Ou gen yon twoma nan sèvo ou
- Ou bezwen aksè a yon nouvèl teknoloji ke ou kwè ki kapab ede w viv yon fason ki pi endepandan
- Ou gen kesyon ki konsène dwa w pou w vote
- Ou resevwa benefis nan men Biwo Sosyal kòm moun ki andikape epi ou bezwen konsèy ak avoka si w chwazi retounen travay
- Ou gen yon enfimite dapre definisyon Dekrè Ameriken pou Moun ki Andikape yo.
DRCVI va konsidere:
- Merit reklamasyon ou a
- Disponibilite Resous nou
- Kapasite w pou w defann tèt ou
- Si pwoblèm ou yo fè pati de priyorite DRCVI. Ou kapab jwenn enfòmasyon sou priyorite nou yo nan Plan Sèvis pou nou Defann Tèt nou, 2008-2012
- Lòt resous ou kapab itilize.
Fòmilè pou Konplent Kliyan yo (Word doc)