Misyon, Vizyon, Prensip Defans
Misyon DRCVI
Fè pwomosyon dwa legal moun ki gen yon enfimite k ap viv nan Il Vyèj Etazini.
Vizyon DRCVI
Vizyon DRCVI se yon mond entegre san ankenn baryè, yon mond ki valorize divèsite, kilti ansanm ak chak endividi.
Nan mond sa a, tout moun ki gen yon enfimite genyen:Egalite,
Diyite,
Pouvwa,
Libète pou yo fè pwòp chwa pa yo,
Endepandans, epi
Pwoteksyon kont abi, neglijans ak diskriminasyon.
Epi yo genyen aksè a:
Lojman de kalite, ki reponn a kilti yo, ki an sekirite epi ki abòdab,
Edikasyon de kalite, ki reponn a kilti yo, ki an sekirite epi abòdab,
Sante de kalite, ki reponn a kilti yo, ki an sekirite epi ki abòdab,
Teknoloji de kalite, ki reponn a kilti yo, ki an sekirite epi ki abòdab,
Transpòtasyon de kalite, ki reponn a kilti yo, ki an sekirite epi ki abòdab, ak
Sipò endividyèl ansanm ak sipò familyal ke yo chwazi:
Moun ki gen andikap yo gen dwa pou yo genyen relasyon ak fanmi yo, relasyon sosyal ak relasyon entim. Yo genyen sekirite ekonomik, yo kapab fè pwòp chwa yo nan vi a, epi yo gen opòtinite pou yo jwenn yon bon travay, pou yo amize yo, pou jwi vi espirityèl yo, ak opòtinite a sèvis kominotè.
Prensip Defans DRCVI
Defans nou va fèt avèk devosyon, dedikasyon, efikasite, kreyativite, nouvote epi nou pap pè pran risk.
Nou va takle kesyon ki enpòtan pou kominote ki gen andikape ladan li a.
Nou va entegre yon varyete apwòch defans nan tout travay nou, tankou oto-defans, koze ki gen la jistis ladan li, sa ki pa gen la jistis ladan li, la près, ak règleman piblik.
Nou valorize divèsite. Pèsonèl nou an ta dwe genyen pami yo tout reprezantan divèsite etnik, langaj ak andikape, ansanm ak divèsite demografik Il Vyèj Etazini: riral, laj, oryentasyon seksyèl, tout yon kalite diferan eksperyans ki reprezante kominote ki gen andikape ladan li a.
Efò defans nou yo va adrese bezwen kominote ki pa jwenn ase sèvis epi ki pa gen ase reprezantan a travè yon patenarya avèk kominote sa yo.
Defans nou va genyen yon kalite siperyè kèlkeswa sèvis, pwoblèm oswa kliyan an. N ap onèt, n ap byen prepare, sensè, epi n ap byen enfòme.
Nou espere jwenn kontribisyon nan men tout anplwaye yo epi nou va valorize ak respekte kontribisyon yo.
Lè n ap reprezante moun yo:
- Nou va respekte sa kliyan yo vle
- Nou sensè ak tèt nou, nou konn limit nou, valè nou, resous nou yo ak rezilta ke nou sanse twouve.
- Kliyan an chwazi objektif li epi nou va travay ansanm ak kliyan an pou atenn objektif li yo.
- Kliyan an aktif nan tout etap pwosesis la.

